Asosye nan swen pou dan

Rete Enfòme-- Dwa Sante Oral

1
Pou yo trete yo ak respè ak koutwazi
1
2
Pou yo toujou respekte diyite nou ak vi prive nou
2
3
Pou yo resevwa yon repons rapid e ki itil sou tout kesyon ak egzijans yo genyen
3
4
Pou yo konnen nan men kiyès yap pran swen e ki responsab swen yo
4
5
Pou yo konnen ki sèvis ki disponib pou yo, ak tou si genyen moun ki kapab tradyi pou yo si yo pa pale angle
5
6
Pou yo konnen ki regleman ak lwa ki aplike ak konpotman yo
6
7
Pou yo jwenn enfòmasyon sou ki maladi yo genyen, ki tretman yo bezwen, epi diskite san kè sote sou ki tretman yo kapab chwazi, ak ki fason tretman sa yo kapab ede yo
7
8
Pou yo patisipe ansanm ak founisè a sou ki chwa yo ka fè sou swen dan yo, tankou dwa pou yo refize tout tretman, depi sa pa ale kont lalwa
8
9
Pou yo jwenn enfomasyon total kapital sou tout fason ki ka pemet yo peye swen sante yo
9
10
Pou yo konnen si founisè a oswa etablisman an resevwa to afektasyon asirans maladi an
10
11
Pou yo konnen konbyen yon sèvis ka koute yo avan yo resevwa li
11
12
Pou yo jwenn yon kopi yon bòdwo epi fè yo eksplike yo frè yo
12
13
Pou yo jwenn tretman medikal oswa èd espesyal pou moun ki gen andikap, moun nenpot ki ras, oswa nenpot kote yo soti, relijyon yo, andikap oswa lajan pou peye a ta soti
13
14
Pou yo resevwa tretman pou nenpòt ijans sante ki pral vin pi mal si ou pa resevwa tretman
14
15
Pou yo konnen si tretman medikal lan se pou rechèch eksperimantal epi di wi oswa non pou patisipe nan rechèch sa yo
15
16
Pou yo fè yon plent lè yo pa respekte dwa yo
16
17
Pou yo mande yon lòt doktè lè ou pa dakò ak doktè ou an(dezyèm opinyon medikal)
17
18
Pou yo jwenn yon kopi dosye medikal ouyo epi mande pou yo ajoute oswa korije enfòmasyon nan dosye yo, si sa nesesè
18
19
Pou fè dosye medikal yo kenbe prive epi pataje sèlman lè lalwa egzije sa oswa oswa lè yo dakò
19
20
Pou depoze yon doleyans sou nenpòt lòt bagay pase desizyon yon plan sou sèvis yo
20
21
Pou fè apèl kont desizyon yon plan nan sa ki konsène sèvis yo
21
22
Pou yo resevwa sèvis nan men yon founisè ki pa fè pati plan yo an (ki pa nan rezo a) si yo pa ka jwenn yon founisè pou yo ki fè pati plan yo an
22
23
Pou yo pale lib sou swen sante yo ak enkyetid yo san okenn rezilta danjere
23
24
Pou yo egzèse dwa yo lib san Plan an oswa founisè rezo li yo pa trete yo mal
24
25
Pou yo jwenn swen san yo pa pè okenn fòm kontrent oswa izolasyon itilize kòm yon mwayen pou kontrent, disiplin, konvenyans, oswa vanjans
25