Asosye nan swen pou dan

Gid pou sevys yo

Sèvis
Èske sèvis sa a kouvri?
Deskripsyon
Frekans/ Limitasyon espesifik
Timoun (ki gen laj 0-20)
Otorizasyon davans
Lis pou sevys dante yo soti nan pati dante pwogram Mediked la
Netwayaj Dan
Wi
Netwayaj debaz ki ka gen ladan bwose, pase fil dantè, fwote, ak polisaj dan yo.
-2 fwa chak ane
– Yo ka fè nan yon lekòl oswa nan yon pwogram Head Start
Non
Tretman a baz fliyò
Wi
Fluoride se yon medikaman yo mete sou dan yo pou rann yo pi fò.
Fluoride kouvri moun sa yo:
-4 fwa chak ane pou timoun ki gen 0-5 ane
-2 fwa chak ane pou timoun ki gen 6-20 ane
-Yo ka fèt nan yon lekòl oswa nan yon pwogram Head Start
Non
Kolan
Wi
Kouch, plastik mens ki pentire nan siyon dan yo e ki ede proteje kavite.
-1 x chak 3 zan pou chak dan deye pou granmoun
-Ka fèt nan yon lekòl oswa pwogram Head Start
Non
Antretyen Espas
Wi
Yon fason pou kenbe espas nan bouch lan lè gen yon dan yo retire oswa ki manke.
Kouvri sapre nesesite medikal
Non
Depistaj dantè
Wi
Yon revizyon nan bouch ou kap fet pa yon dantè ijyenis.
-Kouvri 2 fwa chak ane
-Ka fèt nan yon lekòl oswa pwogram Head Start
Non
Egzamen Dantè
Wi
Yon revizyon nan youn oswa tout dan ou, oswa bouch ou pa yon dantis.
– Egzamen konplè yo kouvri 1 fwa chak 3 ane Egzamen tcheke yo kouvri 2 fwa chak ane
-Egzamen ijans yo kouvri dapre nesesite medikal
Non
Enstriksyon pou sante oral
Wi
Edikasyon sou fason pou bwose, pase fil, epi kenbe dan ou an sante.
-Nou kouvri enstriksyon sante oral 2 fwa chak ane
-Ka fèt nan yon lekòl oswa pwogram Head Start
Non
Radyografi dantè
Wi
Foto entèn nan dan ak diferan fason pou gadel.
Tout kalite radyografi dantè yo kouvri
Non
Plonbaj ak Kouwòn
Wi
Yon sèvis dantè pou ranje oswa repare dan.
Kouvri dapre nesesite medikal
Non
Ekstraksyon
Wi
Retire dan.
Kouvri dapre nesesite medikal
Non
Sedasyon
Wi
Yon fason pou bay sèvis dantè kote yon pasyan ap dòmi oswa ap domi a mwatye.
Kouvri dapre nesesite medikal
Non
Sant chirijikal anbilatwa oswa sèvis dantè ki baze nan lopital
Wi
Sèvis dantè ki pa ka fèt nan yon biwo dantis. Sa yo se sèvis ki nesesite ekipman diferan epi pètèt diferan founisè.
Kouvri dapre nesesite yon plan medikal pou nenpòt sèvis dantè ki nesesè
Non
Òtodonti
Wi
Atèl oswa lòt fason pou korije kote dan yo ye.
Kouvri dapre nesesite medikal
Wi
Pwotodontik
Wi
Dantye oswa lòt kalite objè pou ranplase dan.
-1 anwo, 1 pi ba, oswa 1 seri konplè fo dan an
-1 anwo, 1 pi ba, oswa 1 seri fo dan pasyèl
-1 flipper pou ranplase dan devan yo
-1 amelyorasyon pou anfòm fo dan ak konfò (reline) pou chak fo dan chak ane
Non
Kanal rasin yo
Wi
Yon sèvis dantè pou ranje pati anndan yon dan (nè).
Kouvri dapre nesesite medikal
Non
Parodontik
Wi
Netwayaj an profondè ki ka enplike ni dan ak jansiv ou.
Kouvri dapre nesesite medikal
Non

Otorizasyon davans:

Otorizasyon davans se yon pwosesis kote yon founisè medikal (oswa pasyan an, nan kèk senaryo) dwe jwenn apwobasyon nan men plan sante yon pasyan anvan yo deside kontinye ak yon tretman an patikilye, pwosedi, oswa medikaman. Chak plan sante gen règ pa yo nan sa ki wè ak kilè gen nesesite otorizasyon.

Nesesite medikal:

Swen medikal oswa alye, byen, oswa sèvis yo bay oswa kòmande dwe ranpli kondisyon sa yo:
Si yon founisè te preskri, rekòmande, oswa apwouve swen medikal oswa alye, byen oswa sèvis saa pa fòseman yon nesesite medikal oswa yon sèvis yo kouvri.