Asosye nan swen pou dan

Plent 101

Yon plent se kote yon konsomè fè konnen ke li pa satisfè de kelkeswa operasyon, aktivite oubyen konpotman yon rejim sante MEdicaid. Li kapab tou pou nenpot ki founisè afilye ak Medicaid. Plent la pa bezwen konsomè a egzije koresyon pou yo konsiderel.

Ki kalite plent Meidcaid ki genyen

SI yo touche kob ki pa nesesè.

Nap pran egzanp yon founisè ki ta fè yon entèvansyon ki pa nesesè nan dan yon timoun, e yo ta fè paran oswa gadyen timoun saa peye san ke yo pat bay konsantman yo pou sèvis saa, ak si sèvis saa pa fè pati de plan an.

Si konsomatè yo ta resevwa swen move kalite

Egzanp yon travayè lasante ki pa okipe yon pasyan ki ap plenyen de entevansyon an. Fok nou pa bliye ke pasyan an gen yon stress sèten nan moman entèvansyon an.

Si yon doktè ta deside fè fwod

Egzanp yon konsomatè ke yo ta mande peye pou yon sèvis ke li pat resevwa. Se yon fwod founisè a tou.

Si yo ta wyole lwa HIPPA

Si yon travayè lasante ta gaye enfomasyon prive sou pasyan an ak lot mamb nan staff lan, pandan lap di bagay ki pa korèk sou pasyan an.

Si konsomatè a ta nan difikilte resevwa swen

Egzanp si ta gen pwoblem jwenn yon randevou oswa si yo gen pou yo tann anpil tan anvan yo jwenn yon randevou.

Si yo ta refize bay konsomatè a sèvis

Yon founisè Medicaid ta refize pote sèvis bay yon pasyan ki gen dwa ak sèvis sa a nan plan li.

Si ta diskriminasyon sou kilti ak lang

Egzanp yon pasyan ki pale panyol rive nan yon randevou e yo pa ta okipel paske gen yon baryè lang. Pasyan an ta gen pwoblem ranpli yon fomilè epi resepsyonis lan ta refize edel.

SI yon enfomasyon pa rive jwenn konsomatè a

Yon founisè ta deside pa okipe yon bagay ki a nomal nan yon radyografi. Apre kèk tan yo ta vin dekouvri ke bagay dwol saa te yon gwo pwoblem nan machwa pasyan an ki pat siyale a tan.