2

Komprann fason asirans sante bouch pitit ou fonksyone

Sante bouch se on pati enpotan na santé jeneral pitit ou.

Asiran dantè peye you sèvis dantè, medikaman, epi ekipman spesyal lè pitit ou malad ak lè pitit ou bien. Leta Responsab pou bay on lis sevis pou timoun ki nan pwogram Medicaid avek Children’s Health Insurance Program. (CHIP). Sevis sa yo ke yo bay lan soti nan kad dépistaj, diagnostik ak tretman bonè (EPSDT). EPSDT an fèt pou asirel ke pitit ou an resevwa swen ak asistans byen bonè avan pwoblèm lan vinn grav.

Florid itilize rekomandasyon Academy Of Pediatric Dentistry (AAPD) poul ka asirel ke timoun yo resevwa bon jan konsiltasyon dan, sevis ki ka ede yo evite pwoblem dan, epi konsey antisipasyon nan tan ki apwopriyé. Se sa yo rele kalandriye dantè. Men se responsabilité ou menm paran pouw fè pitit ou an al kay dantis li de tanzantan et nan tan poul fèl lan. Gade kalandriye anba pouw ka konn entèval tan yo.

Avantaj dantè EPSDT an

Bonè:

Verifye ak idantifye pwoblèm dan yo bone.

Peryodik:

Egzaminasyon sante bouch timoun nan yon tan ki regilye epi yo enteval laj ki apwopriye.

Tès depistaj:

fè tes depistaj pou dan ak lot tès depistaj pou detekte kek pwoblem a lavans.

Diagnostik:

Fè de seri de tès byen spesifik pou suiv lè gen yon risk.

Tretman:

Kontwole, korije ou byen redwi pwoblem santé bouch oubyen lot pwoblem.

Moun kap founi

Ou dwe itilize founisè Medicaid yo. Kontak yo konn chanje souvan. Ou dwe verifye avek dantis pitit ou an chak fwa ou pral pran randevou epi tou yon mwa avan randevou an  pou ou si ke dantis lan se yon ajan Medicaid. Ou ka gen yon frè pou bay pouw ka wè on ajan ki pa nan contact ou.

Si pitit ou an gen yon andikap epi li bezwen akomodasyon espesyal, li enpotan pouw sonje ke founisè  dantè yo entèdi pou yo refize pran swen pasyan akoz andikap yo. Nan ka kote yon dantis pa gen ekipman oswa ekspètiz pou satisfè bezwen swen sante espesyal pitit ou an, yo oblije refere pitit ou a ba yon dantis ki apwopriye.

Eskew te konnen?

35% moun kap bay swen dantè an Florid anrejistre nan Medicaid

Sevis ki garanti

Sevis sa se yon sèvis ke Medicaid dwe bay nan pwogram yo. Anjeneral, sèvis sa yo endike nan tiliv manm plan swen dantè ki responsab pou bay pitit ou sèvis sa yo. Men jis paske yo garantiw on sèvis sa pa vle di ke pitit ou an bezwen li. Gen kek sèvis yo dwe pwouve ke yo nesesè medikalman.
Espesyalman pou timoun yo, plan swen dantè Medicaid yo dwe bay tout sèvis dantè ki nesesè sou plan medikal, jan EPSDT egzije sa. Sa se vre menm si yo pa kouvri yon sèvis oubien sèvis la gen yon limit. Osi lontan ke sèvis dantè pitit ou an nesesè medikalman, sèvis dantè pa gen okenn limit lajan oswa limit tan. Dantis lan ka oblije mande apwobasyon espesyal anvan li bay pitit ou yon sèvis. Sa rele otorizasyon davans.

Anvan Otorizasyon

Otorizasyon anvan se yon pwosesis kote yon founisè medikal (oswa pasyan an, nan kèk senaryo) dwe jwenn apwobasyon nan plan sante yon pasyan anvan ou deplase avèk yon tretman patikilye, pwosedi, oswa medikaman. Diferan plan sante gen diferan règleman an tèm de lè otorizasyon anvan otorizasyon obligatwa.

Nesesite medikal

Swen medikal oswa alye, byen, oswa sèvis yo bay oswa kòmande dwe ranpli kondisyon sa yo:
Si yon founisè te preskri, rekòmande, oswa apwouve swen medikal oswa alye, byen oswa sèvis saa pa fòseman yon nesesite medikal oswa yon sèvis yo kouvri.