Asosye nan swen pou dan

Koman ou ka defann koz saa 

Angajman Konsomatè Sante Bouch

Bay Konsomatè yo yon vwa

Pou asire ke chak timoun jwenn swen bouch ke yo bezwen pou yo byen viv, espesyalman moun ki vilnerab yo, li enpotan anpil ke chèf gouvènman yo, moun ki fè politik yo, ak moun ki gen enterè nan sante bouch pote vwa konsomatè yo tout kote ki gen desizyon ki dwe pran.

Ki moun ki konsomatè?

OU MENM.

Antanke yon paran oswa yon moun k’ap okipe timoun ki enskri nan Medicaid, ou menm ak pitit ou se moun k’ap itilize sèvis Medicaid.

Èske’w te konnen 40% timoun nan Florid konte sou Medicaid pou swen bouch yo.

Ou jwenn aksè ak sèvis yo pou pitit ou chak jou epi se poutèt sa ou kapab pote nouvo lide ak enfòmasyon premye men nan mamit nou, sa ki souvan esansyèl nan pwoblèm nan. Pou asire ke pwogram nan satisfè bezwen bouch timoun yo ak fanmi ki itilize li yo, responsab sante bouch yo dwe mete lide pa’w nan  travay sante bouch. Eksperyans ou yo se pyès enpòtan nan devinèt la ki ka afekte pwosesis devlopman politik yo, konsepsyon pwogram ak livrezon sèvis, epi finalman avansman ekite sante oral ak transfòmasyon swen dantè.

Rechèch Enstiti sou angajman Konsomatè yo

Rapò rechèch ke Enstiti a fèk pibliye sou angajman pou konsomatè sèvis sante bouch yo mete a klè vwa paran yo ak moun k’ap okipe timoun ki enskri nan Medicaid yo, epi li bay yon kout je sou reyalite aktyèl sante oral timoun yo nan Florid.

Rapò a:

Sa a se yon gwo resous pou’w aprann plis sou reyalite sante oral nan Florid nan moman an.

Komite Konsiltatif Paran pou Sante Oral

Oral Health Parents Advisory Committee (PAC) se yon ekstansyon Enstiti pou rechèch angajman Konsomatè. Oral Health PAC se yon gwoup defans ki gen ladann paran ak moun k’ap okipe yo timoun yo, ki soti toupatou nan eta Florid e ki konte sou Medicaid pou swen dantè yo, e ki gen timoun ki poko gen 18 lane. Komite a defann fanmi ki gen aksè ak swen bouch atravè Medicaid pou ede asire timoun ki enskri nan Medicaid ak fanmi yo gen yon vwa ak yon opòtinite pou fòme sèvis yo resevwa yo.
Objektif komite a se ogmante aksè a bon jan kalite swen dantè regilye pou timoun ki enskri nan Medicaid atravè eta Florid atravè efò defans.

Vin yon defansè:
kisa ou dwe konnen

Li lè pou pote vwa ou ak pouvwa ou nan tout pòs ki gen a wè a dirije.

Pou arive gide epi ankouraje paran yo ak moun k’ap okipe timoun ki enskri nan Medicaid, Enstiti a te kreye yon twous defans pou pwòp tèt ou, nan efò yap fè pou promouvwa pi bon swen bouch nan Florid. Twous sa a gen pou’l ede’w pote vwa’w ak pouvwa’w nan diskisyon kritik sante bouch la o nivo òganizasyon, lokal ak Leta.

Kòmanse isit la

Poukisa vin yon avoka?
1
Ki jan yo vin yon avoka
2
Konprann pwosesis pou pran desizyon
3
Fikse objektif defans yo
4
Konnen odyans ou
5
Konstwi epi pratike mesaj ou a
6
Preparew, pran pozisyon, kouri!
7
Sous: Etap yo pou vin ak defansè yo se modelize apre Oral Health Advocacy Toolkit ki soti nan Temple University, Kornberg School of Dentistry.

Kek bagay nou ka telechage

Zouti ak resous defans: